Smiling pajama-clad little girl holding a wrapped gift in front of a Christmas tree

omgimages/iStock/Thinkstock

Èske se Lè pou Kòmanse gen Rekonesans?

Genyen rekonesans sa aprann timoun yo plis ke bòn manyè
Genyen rekonesans sa aprann timoun yo plis ke bòn manyè 

Ankouraje timoun yo pou di "mèsi" – menm si se avèk yon kat, apèl telefòn oswa nenpòt lòt jès ki sòti nan kè'w – se yon konpòtman sosyal enpòtan ki pa’p ede yo sèlman pou sezon fèt yo, men pou tout lavi yo. An reyalite, etid montre ke genyen rekonesans ka amelyore byennèt yo.

"Rechèch montre timoun ki pi kontan yo se sa ki genyen yon sans apresiyasyon pou lavi," se sa doktè Michele Borba revele, li se sikològ nan edikasyon, ekspè pou paran ak otè liv Don’t Give Me That Attitude! “Etid sa yo montre poutèt timoun sa yo genyen rekonesans, ke yo pi kontan, detèmine, optimis, reziztan, gen mwens enkyetid epi menm pi ansante."

Aprann timoun yo gen rekonesans pandan tout lane a lè ou:

Pratike Bon Konpòtman
"Pi bon ankourajman ke ou ka bay se lè ou bay bon egzanp," se sa Borba di. Alòs plis ou montre rekonesans chak jou pou ti bagay ki pa gen gwo valè, se plis w'ap trase bon egzanp pou timoun yo. Kite timoun yo wè ke'w itilize akolad pou montre rekonesans ou, pawòl janti, bèl bouke flè, yon ti nòt ki ekri alamen... menm yon ti imèl rapid oswa ou voye yon ti foto ak yon bèl souri pou di mèsi tout sa se bèl fason ou ka trase bon egzanp pou timoun yo. Pa aji byen ak moun ou konnen byen yo sèlman, yon bèl akèy bay yon moun ke ou konnen oswa yon etranje ka fè gwo enpresyon sou timoun ou.

Kontwole Echèk yo
Menm timoun ki pi janti a, desepsyon ka aji sou li, tankou yon kado anivèsè ki pa fèt pou timoun laj li oswa ki se pa yon bagay ke li renmen. "Yon leson ki di pou timoun yo pou rekonèt ke se moun nan y'ap di mèsi pa pou kado a, men pito pou jès la," se sa Borba di. Fè yo reyalize efò ak enèji ke moun nan mete pou ofri kado a, epi vre rezon ki kache dèyè jès sila se pou fè kè yo kontan. Borba sijere tou pou pratike mèsi ki sensè (pa fo mèsi) ak timoun ou pou nenpòt okazyon ke yo resevwa yon kado.

Pèsonalize Apresiyasyon
Ou pa aprann rekonesans nan liv, men pito nan abitid, se sa Borba ensiste pou li di. "Kòmanse avèk kèk abitid k'ap ede timoun ou yo adopte pratik rekonesans lan ak apresye sa yo genyen." Youn nan fason ke li konseye pou fè sa se ede timoun yo konte benediksyon yo chak swa pandan y'ap revize tout bagay – ak tout moun – pouki yo dwe gen rekonesans, ak poukisa. Ou ka vire sa tankou yon jwèt mande yo ba’w twa bagay pouki yo gen rekonesans sou chak manm nan fanmi an, chwazi yon moun chak swa.

Timoun ak adolesan yo souvan yo konsantre sou tèt pa yo; se paran yo ki pou aprann yo pratike rekonesans. Men pi bonè timoun yo aprann adopte epi pratike rekonesans, se plis chans y'ap genyen pou yo pi kontan nan lavi yo, epi gen plis siksè nan sa y'ap fè nan lavi yo.