High school students happily hugging each other, with acceptance letters in their hands

monkeybusinessimages/iStock/Thinkstock

Èske Timoun Ou Ka Benefisye de Pwogram School Choice la?

Bon chwa ka amelyore chans yo pou yon edikasyon ki reyisi
Bon chwa ka amelyore chans yo pou yon edikasyon ki reyisi 

Aprann pat janm yon eksperyans yon-grosè-bon-pou-tout pou timoun yo. Ant plizyè metòd ak plizyè fason timoun jere enfòmasyon yo, genyen anpil posibilite pou gen feblès ant pran'l oubyen pa pran'l lan vin pi plis.

Men anpil aktyalite sou dosye edikasyon sèjousi yo kapab se repons ak tout pwoblèm mankman sal klas lekòl nan tout peyi a. School choice – ki vle di, yon pwolonjman pwogram akademik ki ofri elèv yo ak fanmi yo opsyon pou lekòl piblik tradisyonèl – mete desizyon kibò ak kijan timoun yo aprann nan men paran ak timoun yo yo menm.

Èske school choice bon pou timoun ou? Avèk ouvèti enskripsyon pou lane skolè 2018-19 la k’ap fèt nan Konte Miami-Dade soti depi kounye’a pou rive 15 Janvye, w'ap bezwen chèche gen tout kalite enfòmasyon pou ka pran pi bon desizyon.

Konnen Opsyon Ou
Pwogram enterè-espesyal, ki genyen yon sèl tèm yo (etid entènasyonal, pwogram kiltirèl liberal, syans, jeni ak matematik, epi pwogram vizyèl ak pèfòmans atistik) ke magnet schools ofri yo fèt pou atire tout kalite elèv ki sòti nenpòt kote. "Lekòl sa yo te fèt pou entegre kominote nou yo epi rasanble tout kalite timoun nan yon sèl lekòl, paske yo gen menm enterè," se sa Virna Kaufman di, li se direktris bidjè ak operasyon magnet yo nan Miami-Dade County Public Schools School Choice & Parental Options. "Nou reyalize ke lè elèv yo ka fè chwa pwogram yo, yo pi motive."

Charter schools yo se, dapre National Alliance for Public Charter Schools, lekòl pibik endepandan ki bay libète pou kapab pi kreyatif, pandan ke objektif yo se garanti siksè elèv yo. Yo etabli yon patenarya ant paran, pwofesè ak elèv pou kreye yon anviwonman kote paran pi enplike, pwofesè ka pi kreyatif epi elèv yo jwenn estrikti ke yo bezwen pou yo aprann, avèk tout twa pati sa yo responsab pou reyisit elèv la.

Pwogram tematik ak evalyasyon elèv lekòl yo fèt pou tout klas yo pandan tout ane lekòl la, ki rele choice programs, ou jwenn yo nan lekòl tradisyonèl. Li diferan de pwogram magnet yo, elèv ka chwazi li yo menm epi rete nan pati ak limit lekòl sa ki ofri sèvis sila.

Evalye Benefis yo
Kisa ki pi konvenkan pou school choice? “Timoun yo gen kapasite pou yo ilitize talan yo deja genyen – oswa ke yo vle genyen – nan domèn ki enterese yo,” se sa Faufman di. “Avèk yon timoun ki nan lekòl elemantè, paran yo ta dwe chwazi yon bagay pou yo ki ka enterese yo anpil, tankou aprann yon lang etranjè. Pandan timoun yo ap janbe nan lekòl segondè oswa inivèsitè, yo kòmanse montre kapasite yo ak enterè yo pou yo patisipe nan pwosesis pou yo chwazi tou.”

Timoun yo gen posibilite tou pou yo jwenn yon pi gwo kalite ak nivo edikasyon, paske resous yo nan lekòl sa yo pèmèt timoun yo pou yo rantre nan pi plis aktivite. “Nou konstwi patenarya kominotè pou elèv yo ka fè eksperyans ki inik nan pwogram yo, keou p'ap jwenn nan pwogram lekòl tradisyonèl yo," se sa Kaufman di. "Kounye’a, nou gen timoun nan lekòl elemantè k’ap pwograme robo pou pèmèt yo bouje.”

“Nou kapitalize sou lokasyon lekòl yo tou," li di. "Nou fè yon estrateji pou nou konstwi youn nan lekòl nou, an kolaborasyon avèk Vil Miami a, tou pre yon pòs polis epi anfas tribinal la. Elèv yo gen posibilite pou yo antrene nan zòn ke yo pataje avèk depatman polis la epi elèv yo k’ap etidye lalwa, kapab janbe lari a pou yo wè kijan yo pratikel."

Aprann Ekzijans yo
Diferan pwogram gen diferan ekzijans pou enskripsyon, ki fè li pi bon pou nou kontakte lekòl ke nou chwazi a dirèkteman pou nou ka dekouvri kijan yo ye. Konpetans nan lekti ak matematik se yon obligasyon, e pifò pwogram yo ap aksepte elèv ki gen GPA (sa vle di nòt final elèv la) ak conduct code (sa vle di konpòtman elèv la) nan nivo 2.0 oswa pi wo. Pou plis detay, ale sou yourchoicemiami.org oswa schoolchoicemiami.com.