Fanmi Ki Djanm

Fanmi Ki Djanm

N ap prepare timoun pou lavi

Paran avek yon objektiv

Pa gen anyen ki kabap prepare paran pou fè travay pou elve timoun. Elve timoun se yon nouvo aktivite pou tout paran ki fèk fè pitit. Li nouvo, diferan, epi li pa toujou fasil. Aktivite sa a diferan nèt e se pa tout tan sa fasil. Se poutèt sa, The Children’s Trust vle kolabore avè w nan travay ou kòm paran kap elve timoun; òganizasyon an vle ofri pwogram ki baze sou syans, yo kreye espesyalman pou chak paran. Gen edikatè nan kesyon elve timoun ki resevwa fòmasyon swa kòm antrenè familyal, swa kòm travayè sosyal oubyen kòm pwofesyonèl, ki va ba w fòmasyon ak sipò ou bezwen pou ede w prepare pitit ou pou li reyisi nan lavi li.

Se wou ki premye pwofesè pitit ou. Plis timoun ap grandi, plis difikilte yo ap rankontre.
Difikilte sa yo kapab fè w gen anpil kesyon epi yo kab fè w santi anpil presyon pou w kab vin yon pi bon paran. Yon fòmatè nan kesyon elve timoun kab ede ni wou ni fanmi ou vin alèz nan travay ou kòm meyè pwofesè pitit ou epi premye pwofesè li. Aprann ki jan pou w vin “paran epi pwofesè an menm tan” se yon etap ki enpòtan anpil pou ede pitit ou byen devlope nan tout faz nan lavi a.

Klike la a pou jwenn yon pwogram paran (pdf)

Sa pwogram ka fè pou ou

Pwofesyonèl ki dirige pwogram sa yo. Pwofesyonèl sa yo va ba w bon jan konsèy sou:

  • Jan pou w pale ak pitit ou
  • Jan pou w dekouvri difikilte oubyen pwoblèm pitit ou genyen nan devlopman li
  • Jan pou w sèvi ak sèten apwòch disiplin ki bay bon rezilta
  • Jan pou w ankouraje timoun viv an bòn sante epi manje sa ki bon pou sante yo
  • Jan pou w tabli bon relasyon ak pitit ou

Ki kote yo jwenn èd

Vizit lakay
Pou sèten moun, yo pi alèz lakay yo, yo santi kè yo poze epi yo byen konfòtab.

Gwoup
Lè w jwenn sipò lòt paran k ap aprann ansanm avè w an gwoup, sa kapab rekonfòte w e ankouraje w. 

Randevou nan biwo
Si vizit lakay oubyen pwogram fòmasyon paran an gwoup pa sanble se sa ou bezwen, gen sèvis sipò pou paran ki disponib nan kèk biwo.